Friday, May 29, 2015

Rock Kreyol - Gotta love it!


Anmwey by Yohann

Ayiti gen ragga Kreyòl

Ayiti gen hiphop Kreyòl

Ayiti gen reggae kreyol
Ayiti, men nouvo stil la
Fason nou manje se stil la
Fason n’abiye se stil la
Fason nou chante se stil la
Ayiti cheri
Nou monte Wo!

Anmwey!

Apre evènman, nou tounen pou tout bon
N di mèsi, nou toujou douvan, chaje enspirasyon
Menm lè moun ap pale, jenès la apiye n
Kout gita bas batri, nou …pou lavi
Chak moun gen yon zanmi ki di l pa renmen rock
W’ap wè l nan pwogram nou k’ap goumen devan pòt
Le ou wè’ l pèdi vwa l mande l kote l te ye
Ou te wè’l nan fon pwogram nan, li menm k’ap rele
Gade lè l non!

Anmwey! Kite rock la mache!
Anmwey! Danse rock la! Ponpe!

M poko fin pale
Mwen p’ap janm konprann ou
Lè w di m rock la pa pou ou
Pou w jan pran plezi ou
Lè n lage mizik nou
Lè mwen di li pou ou
Ou di w gen yon zanmi ki di l pa renmen rock
W’ap wè’l nan pwogram nou k’ap goumen devan pòt
Le ou wè pèdi vwa l , mande’l kote l te ye
Ou te wè’l nan fon pwogram nan li menm k’ap rele
Ou pa wè’l

Amwey! Kite rock la mache!
Anmwey! Danse rock la! Ponpe!

Ayiti, men rock, si nou tout dakò, rele!
Leve men n anlè, tout moun fè bri
Ti medam yo, mayestwo ak Yohann ki la
Pa bezwen danse, ponpe pou n ponpe!
Ou di w pa konn danse
M’pa’t mande ou fè anpil
Tout sa m te mande’w
Se lage’l jan ou santi’l

Amwey! Kite rock la mache!
Anmwey! Danse rock la! Ponpe!

Vole!
Ponpe!
Rele!
Fè sa w vle!


No comments:

Post a Comment